Mond Rozè-a avèk Lòd Préchè-yo
Anglais
Espagnol
Français
Contact
 

Editoryal - Avril 2010 - No 342

mèkredi 5 me 2010

Tout versyon pou atik la :


Avril 2010 - n°342

TÈM POU LANE A : « Granmèt, kouman pou m di w mèsi? »

Kris la leve vivan tout bon vre !

Se pa ti kè kontan ki leve nan mitan pèp ki kwè nan lan-nwit pak la !

Poukisa kè kontan sa-a ?

Nou leve vivan, wi, oubyen non ?

Poukisa «se vre», men-m jan timoun yo di ?

La fwa nou chita sou temwanyaj moun ki te wè Jezi leve vivan (Jan chapit 90) e, yo te wè ke nan leve, li leve vivan e se li menm sèl, li pa men-m jan ankò, kote li p-ap jan-m mouri ankò, nan laza ki te soti nan tonbo-a gras a lapriyè Kris la, li men-m ki mèt lavi.

Sa montre ke li mouri tout bon vre sou yon kwa, devan tout mou-n ki pa-t vle kwè gen yon sovè ki mouri, soufri, pase kont tray li nan lavi a.

Wi, Jezi te viv tout bon vre tankou nou !

Li se frè nou ak seyè nou tout bon vre.

Nou pral rewè wòl Mari ki te fè yon pitit gason, tankou tout manman. Bodye te vle vini nan kò nou tout bon vre, se pa tankou yon mou-n k-ap jwe teat oubyen yon moun k-ap bay timoun yon listwa (kont) oubyen ankò, yon lespri konsa, konsa ki parèt aprè sa, li disparèt. Li se yon moun pandan li se Bondye tout bon vre.

Li soti nan yon kò, li antre nan laglwa pou nou kapab swiv li ak rantre avèk li nan laglwa a.

Kidonk, avèk Mari, ki se tout bon vre manman Jezi, manman Bondye ak manman legliz la, an-n rantre tout bon vre nan kè kontan pou nou ka leve vivan ak Jezi !


Fr. Gilles Danroc, O.P
Omonye Ekip entènasyonal wozè yo




Équipes du Rosaire International
8 Rue Fabre
F-34000 MONTPELLIER
FRANCE
Équipes International

Gad lavi sit la RSS 2.0 | Kat sit la | Espas privé | SPIP | eskelet